Imigrasyon: Konnen Dwa Ou
Imigrasyon: Konnen Dwa Ou
- Ou gen dwa rete an silans. Pa reponn okenn kesyon. Ou ka di, “Mwen vle rete an silans.” English: [ I wish to remain silent. ]- Pa ouvri pòt ou. Pou antre lakay ou, ICE dwe gen yon manda yon jij siyen. Ou ka di, “Mwen pa ba ou pèmisyon pou antre lakay mwen.” English: [ I do not give you permission to enter my home. ]- Ou gen dwa pale ak yon avoka. Ou ka di, “Mwen bezwen pale ak avoka mwen.” English: [ I need to speak to my lawyer. ]- Pa siyen anyen san ou pa pale ak yon avoka anvan.### Liy Dirèk ACILEPSèvi ak SALUTE lè w ap rele liy dirèk la:- Size/Fòs — Konbyen ofisye? Konbyen machin?- Aksyon/Aktivite — Kisa y ap fè?- Lokalizasyon — Ki kote yo ye?- Unifòm — Kisa yo mete sou yo?- Lè/Dat- Ekipman — Èske yo gen baton, zam, vès?
Liy Dirèk ACILEP
Si ou wè (oswa ou sispèk) aktivite ICE, rele liy dirèk repons rapid Alameda County Immigration Legal Education Partnership (ACILEP). ACILEP verifye epi konfime aktivite ICE epi bay kominote a mizajou.